RÈL PEYIZAN AK PWODIKTÈ 4 KWEN PEYI DAYITI:
LETA PRAN MEN W!
Nou menm peyizan nan 4 kwen peyi nou rele anmwey douvan sitiyasyon malouk tèt anba peyi a trouve li
ladan li jounen jodi a, yon sitiyasyon ki menase lavni ak lavi nou menm peyizan ak pwodiktè an patikilye sila
yo kap viv nan Sid peyi a (Depatman Sidès, Nip, Sid, Grandans ak rejyon Lèpalm).
Depi plis pase 3 mwa, wout pou soti ak rantre Pòtoprens fèmen onivo Matisan. Machannn, Madan sara, fanmi
peyizan ak pwodiktè pa fouti rantre Pòtoprens ak pwodui agrikòl yo ak manje nan kapital. Lè nou konnen
sezon prentan se pi gwo sezon pwodiksyon agrikòl peyi dAyiti epitou se nan 6 dènye mwa nan ane an nou
reyalize pifò rekolt nou yo, pwodui yo prale gaspiye. Nou paka vann epitou, pri tout sa ki soti Pòtoprens monte
bwa.
Lavni nou, lavni fanmi ak timoun nou yo menase! Nou pa wè anwo, nou pa wè anba, sanble se yon konplo
pou disparèt tout peyizan ak pwodiktè nan peyi dAyiti.
Leta pran men w! Reskonsab, otorite Leta, pran men nou li lè, li tan pou nou pran tout dispozisyon ak bay
garanti pou pwodui peyizan ak pwodiktè yo sikile lib e libè sou tout wout toupatou nan peyi a.
Fòk nou pa janm bliye majorite pèp ayisyen se esklav ki vin tounen peyizan. Se peyizan nan malsite ki jounen
jodi a sètoblije viv nan geto ak katye popilè yo. Pa gen yon grenn ayisyen si l chache nan listwa fanmi li ki pap
jwenn swa yon peyizan oswa yon pwodiktè. Sonje, si mòn ak pwovens pa bay kapital paka jwenn.
Peyizan ak pwodiktè yo konte sou solidarite tout ayisyen nan peyi a ak nan Dyaspora an patikilye pwofesyonèl
ak teknisyen ki angaje nan zòn riral yo, ak tout lòt peyizan ak agrikiltè sou latè beni pou fòse reskonsab ak
otorite Leta pran men yo ak mezi ki merite yo.
Nou bouke!
An nou gonfle ponyèt nou pou peyizan, pwodiktè, madan sara, malere, moun andeyò yo tou patou nan peyi
a jwenn jistis, dwa sitwayen yo san fòs kote ak yon lavi miyò.
Pou otantifikasyon Kontakte Dieulès Mozard, SAES – Salagnac (37260552)
RÈL PEYIZAN AK PWODIKTÈ 4 KWEN PEYI DAYITI: LETA PRAN MEN W! Nou menm peyizan na…
No Comments2 Mins Read