Nou menm òganizasyon ak aktè kiltirèl nou denonse ak tout fòs nou zak asasinay ki fèt sou atis eskiltè Jean junior Alphonse (PAPADA) jou ki te madi 8 desanm lan sou Granri. Nan temoyaj fanmi atis la, PAPADA jwenn lanmò nan yon diskisyon ak yon ajan Polis Nasyonal d Ayiti.